10 années d'expérience
Mwen fè etid nan jesyon ak finans epi mwen ap travay nan domèn administrasyon depi anviron 10 lane. Depi nan kòmansman karyè m', teknoloji ki fè travay sistèm enfòmasyon nan antrepriz te toujou atire mwen, se sak fè mwen aprann plizyè lojisyèl yo itilize nan administrasyon, pami yo Quickbooks ak Excel.
Mwen se fòmatè Excel ak Quickbook nan Solution Média, ki se yon antrepriz ki ede biznis yo nan domèn fòme pèsònèl yo, epi bay asistans teknik nan sistèm lojisyèl ki jere kontabilite.
Fòmasyon sou lojisyèl Quickbooks la ap pèmèt ou aprann kòman pou ou itilize sistèm nan pou ou pase tranzaksyon kourant yo, tankou: acha, vente. Aprè nou fin anregistre tranzaksyon yo nou pral wè ansanm kijan li fasil sou Quickbooks pou non jenere rapò kap pèmèt jesyonè yo pran bon kan desizyon.
Voir le cours